Bonjou zanmi, e byenvini nan The Produce Pantry!
Nou kontan anpil pou n pote pwodui fre ak gratis nan lekòl ou a. Nou mande w pou w pran yon ti moman pou w enskri avèk nou pou nou ka bay ou menm ak tout lòt moun ki ta renmen patisipe.
Li enpòtan anpil pou tout fanmi ranpli fòmilè enskripsyon sa a avèk presizyon otan sa posib. Sa pèmèt nou detèmine konbyen pwodui pou nou kòmande pou tout moun ka jwenn pòsyon pa yo. Lè w enskri avèk nou, ou dakò pou w resevwa rapèl ak mizajou pa mesaj tèks ak/oswa imèl.
Fanmi ki pa enskri yo pap ka patisipe nan distribisyon pwodui gratis nou yo.
Mèsi paske w pran tan pou w enskri. N a wè nan Pantri a!